Ésaïe 56
56
1Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske #Sòm 85:9sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
2A la #Sòm 112:1beni nonm ki fè sa a beni,
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;
ki pa janm derespekte Saba a,
e ki anpeche men l fè mal la.”
3Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”
Ni pa kite #Det 23:1 enik lan di:
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
4Paske konsa pale SENYÈ a:
“A enik yo ki #És 56:2-6kenbe Saba Mwen yo,
ki chwazi sa ki fè M plezi,
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
5a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;
anndan miray Mwen yo, yon memoryal
e yon #És 62:2non ki meyè a fis yo oswa fi yo.
Mwen va bay yo yon non
k ap dire nèt jis pou letènite,
ki p ap janm disparèt.”
6“Anplis, #És 56:3etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,
pou sèvi Li,
pou renmen non a SENYÈ a,
pou vin sèvitè Li,
yo tout ki pa derespekte Saba a,
e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
7menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,
e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;
paske #Mat 21:13kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
8Senyè BONDYE a, ki #És 11:12rasanble dispèse a Israël yo, deklare:
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
9Nou tout, #Éz 3:17bèt a chan yo,
vin manje,
ak tout bèt a forè yo.
10 #
Éz 3:17
Gadyen Li yo avèg.
Tout nan yo san konprann.
Se chen bèbè ki pa ka jape;
moun k ap kouche fè rèv,
ki renmen somèy.
11Wi, chen yo voras.
Yo pa janm jwenn asi.
Se bèje yo ye san konprann.
Yo tout #És 57:17vire tounen nan pwòp chemen pa yo,
yo chak nan ranmase byen de tout katye.
12“Vini”, yo di: “Annou twouve diven;
annou bwè anpil bwason fò.
Epi #Sòm 10:6demen na p fè menm jan ak jodi a!
Plis menm!”
اکنون انتخاب شده:
Ésaïe 56: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith