Ésaïe 53
53
1 #
Jn 12:38
Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?
Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2Paske Li te grandi devan nou kon yon #És 11:1boujon vèt,
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,
ni majeste pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin #Mc 10:33meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4Anverite, se doulè nou yo Li te #Mat 8:17pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou #I Pi 2:24-25inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7Li te vin oprime e aflije;
malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.
#
Trav 8:32-33
Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,
e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila
k ap taye lenn li yo,
konsa Li pa t ouvri bouch Li.
8Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.
Selon jenerasyon Li,
yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,
ke Li te kraze #És 55:5-12 akoz peche a pèp Mwen yo.
9Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,
men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,
malgre Li pa t fè okenn vyolans,
ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
10Men SENYÈ a te kontan #És 53:5brize Li;
pou mete Li nan gwo soufrans,
pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,
pou L ta wè desandan Li yo.
Li va pwolonje jou Li yo,
e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
11Apre gwo doulè nanm Li an,
Li va #Jn 10:14-18wè limyè a,
e Li va satisfè.
Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun
akoz konnesans Li anvè Li menm;
e Li va pote inikite yo.
12Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.
Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,
akoz Li te livre #Mat 26:38-42nanm Li menm a lanmò,
e Li te konte avèk malfektè yo;
malgre Li te pote peche a anpil moun,
e te entèsede pou koupab yo.
اکنون انتخاب شده:
Ésaïe 53: BSA
هایلایت
کپی
مقایسه
به اشتراک گذاشتن
می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید
Copyright © 2017-2023 Ron Smith