Ésaïe 47

47
1“Vin desann chita nan pousyè a, O #Sòm 137:8fi vyèj Babylone nan;
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
2Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire #Jen 24:65vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
3Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va #És 34:8pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
4 # És 41:14 Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
5 # És 23:2 Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
6Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak #Det 28:50granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
7Malgre, ou te di: ‘Se #És 47:5rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
8“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm #Rev 18:7chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
9Men de bagay sa yo va rive sou nou #Sòm 73:19sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10Ou te santi ou te #Sòm 52:7byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11Men #És 57:1malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
12Kanpe fèm nan tout #És 47:9maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13Ou vin #Jr 51:58-64fatige ak tout konsèyè yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14Gade byen, yo #És 5:24tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen:
Tout sa yo ki #Rev 18:11fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.

اکنون انتخاب شده:

Ésaïe 47: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید