Ésaïe 23

23
1Pwofesi konsènan Tyr a.
Rele anmwey, O bato a #Jen 10:4 Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. 2#És 47:5Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. 3Sou anpil dlo sereyal a #Jos 13:3Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. 4Rete wont, #Jen 10:15-19O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.” 5Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. 6Janbe rive #És 23:1Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! 7Èske sa se gwo vil #És 22:2kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo?
8Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn #Éz 28:2bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? 9SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye #És 5:13 tout gran sou latè yo. 10Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. 11Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou #És 25:2 detwi tout fò ranfòse yo. 12Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse #És 23:1Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
13Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze. 14Rele anmwey, O #És 2:16bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! 15Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan #Jr 25:11-22swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. 16Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. 17Li va vin rive nan #És 23:15fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. 18Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va #Egz 28:36mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.

اکنون انتخاب شده:

Ésaïe 23: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید