Esther 5

5
1Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan #Est 4:11lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. 2Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, #Est 2:9li te twouve favè nan zye li. Konsa, #Est 4:11wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.
3Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? #Est 7:2Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
4Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”
5Alò wa a te di: #Est 6:14“Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.
6Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, #Est 7:2 wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”
7Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a: 8#Est 7:3Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”
9Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée #Est 2:19 nan pòtal palè a wa a, e #Est 3:5te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée. 10Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, #Est 6:13 Zérescha. 11Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te #Est 3:1 leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.
12Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi #Est 5:8demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a. 13Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan #Est 5:9pòtay a wa a.”
14Epi Zéresch, madanm li an, te di li: #Est 6:4“Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.

اکنون انتخاب شده:

Esther 5: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید