Eklezyas 4

4
1Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo #Jr 16:7pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. 2Pou sa, #Job 3:11-26mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo. 3Men #Job 3:11-26pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la. 4Mwen konn wè tout zèv ak tout #Ekl 2:21metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
5Moun ensanse a #Pwov 6:10pliye men l e manje pwòp chè li. 6Yon men plen repo se #Pwov 15:16-17miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
7Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, #Pwov 27:20zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm kon mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
9De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men #I Wa 1:1-4ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
13Yon jennjan ki #Ekl 7:19malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy. 14Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an. 15Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an. 16Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.

اکنون انتخاب شده:

Eklezyas 4: BSA

های‌لایت

کپی

مقایسه

به اشتراک گذاشتن

None

می خواهید نکات برجسته خود را در همه دستگاه های خود ذخیره کنید؟ برای ورودثبت نام کنید یا اگر ثبت نام کرده اید وارد شوید