1
Women Yo 10:9
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.
2
Women Yo 10:10
Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
3
Women Yo 10:17
Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.
4
Women Yo 10:11-13
Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.” Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
5
Women Yo 10:15
Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”
6
Women Yo 10:14
Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè?
7
Women Yo 10:4
Paske Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.