Sòm Yo 8

8
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te #Sòm 57:5-11fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 # Mat 21:16 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
# Sòm 136:9 lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 # Sòm 144:3 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5Malgre, Ou te fè li yon #Jen 1:26ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou #Ef 1:22te mete tout bagay anba pye li:
7Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 8: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió