Sòm Yo 7
7
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1O SENYÈ Bondye mwen an, #Sòm 31:1nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
2sof ke li ta chire nanm mwen #Sòm 57:4tankou yon lyon,
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
3O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,
si gen #I Sam 24:11enjistis nan men m,
4si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,
oswa te #I Sam 24:7piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
5kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen
jiskaske li pran l,
epi kite li foule lavi mwen jis atè.
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan
6Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;
leve Ou menm kont #Sòm 138:7raj ladvèsè mwen yo.
Leve Ou menm pou mwen;
Ou menm ki te etabli jijman an.
7Kite asanble #Sòm 22:27 a tout pèp yo antoure Ou.
Gouvènen yo, depi an wo.
8Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
#
Sòm 18:20
Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki #Jr 11:20fè prèv
nan kè avèk panse moun.
10Boukliye mwen se avèk Bondye,
ki #Sòm 97:10-11sove sila ki dwat yo.
11Bondye se yon jij ki jis
e ki #Sòm 90:9 rayi enjistis chak jou.
12Si yon nonm pa repanti, La p #Det 32:41file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14Gade byen, l ap lite nan mechanste.
Wi, li plante jèm mechanste a,
epi li #És 59:4vin bay nesans a tout sa ki fo.
15Li te fouye yon twou, kreve l nèt,
e vin #Job 4:8tonbe nan twou ke li te fè a.
16 #
Est 9:25
Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a #Sòm 71:15-16selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 7: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith