Sòm Yo 4
4
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David
1Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;
Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an.
#
Sòm 25:16
Fè m gras e tande lapriyè mwen.
2O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?
Jiskilè ou va renmen sa ki san valè
e #Sòm 31:18tante twonpe moun? Tan
3Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.
SENYÈ a #Sòm 6:8-9tande lè m fè apèl Li.
4Tranble, men #Ef 4:26pa fè peche.
#
Sòm 77:6
Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
5Ofri sakrifis ladwati yo.
#
Sòm 37:3-5
Mete konfyans nan SENYÈ a.
6Anpil ap di: #Job 7:7“Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
7Ou te mete #És 9:3lajwa nan kè m plis pase
lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
8Anpè, mwen va kouche pou dòmi,
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 4: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith