Sòm Yo 3
3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
1O SENYÈ, gade kijan #II Sam 15:12lènmi mwen
yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
2Anpil moun pale de nanm mwen,
“Nanpwen #Sòm 22:7-8delivrans pou li nan Bondye.” Tan
3Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki #Sòm 27:5fè tèt mwen leve a.
4Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te #Sòm 4:3reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
5Mwen #Lev 26:6te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta #Sòm 118:10-13pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7Leve, O SENYÈ!
Sove mwen, O Bondye mwen!
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.
Ou te #Sòm 57:4kraze dan a mechan yo.
8 #
Sòm 28:8
Delivrans se nan SENYÈ a.
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 3: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith