Sòm Yo 27
27
Yon sòm David
1SENYÈ a se limyè mwen e #És 33:2sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te #Sòm 9:3chape tonbe.
3Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen #Job 4:6konfyans.
4Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
5Paske nan jou twoub la,
Li va #Sòm 31:20 kache mwen nan tabènak Li.
Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,
se la Li va fè m kache.
Li va leve mwen sou yon wòch.
6Epi koulye a, #Sòm 3:3tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
7 #
Sòm 4:3
Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.
Fè m gras e reponn mwen.
8Lè Ou te di m: #Sòm 105:4“Chache wè figi Mwen”,
kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,
se li mwen va chache.”
9Pa kache figi Ou de mwen.
Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.
Se Ou ki konn sekou mwen.
Pa abandone mwen, ni #Sòm 37:28 kite m sèl,
O Bondye delivrans mwen an.
10Paske papa m ak manman m te abandone mwen,
Men #És 40:11 SENYÈ a va ranmase mwen.
11 #
Sòm 25:4
Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.
Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
12Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,
paske #Mat 26:60fo temwen yo vin leve kont mwen,
sila k ap respire vyolans yo.
13Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè #Sòm 31:19bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14Tann SENYÈ a.
#
Sòm 31:24
Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 27: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith