Sòm Yo 26
26
Yon sòm David
1Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
2Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.
#
Sòm 7:9
Sonde panse mwen avèk kè m.
3Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen #II Wa 20:3te mache nan verite Ou.
4Mwen pa #Sòm 1:1chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
5Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
6Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
7pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
8O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke #Sòm 24:7glwa Ou rete a.
9Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk #Sòm 139:19mesye ki vèse san yo,
10nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote #Sòm 15:5kado vèse anba tab yo.
11Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.
#
Sòm 44:26
Delivre mwen e fè m gras.
12Pye m kanpe sou yon plas byen plat.
Nan #Sòm 22:22asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 26: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith