Sòm Yo 24

24
Yon sòm David
1Tè a se pou SENYÈ a, avèk #I Kor 10:26tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2Li te #Sòm 104:3-5fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
3Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan #Sòm 65:4lye sen pa Li an?
4Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa #Éz 18:15leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak #Sòm 36:10ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6Sa se jenerasyon a sila k ap #Sòm 27:4-8chache Li yo,
ka p chache figi Ou—menm Jacob. Tan
7Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa #Trav 7:2glwa la kapab antre!
8Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a #Sòm 76:3-6pwisan nan batay la.
9Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa #Sòm 26:8glwa la kapab antre!
10Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame #II Sam 5:10 yo!
Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 24: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió