Sòm Yo 23

23
Yon sòm David
1Bondye se #Éz 34:11-13bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li #Rev 7:17mennen m akote dlo pezib yo.
3Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan #Pwov 4:11 chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
# Mi 7:14 Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
# Sòm 16:5 Tas mwen fin debòde nèt.
6Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va #Sòm 27:4-6viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 23: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió