Sòm Yo 20

20
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1Ke SENYÈ a kapab reponn ou #Sòm 50:15nan jou gran twoub la!
Ke non Bondye Jacob la kapab
kenbe ou ansekirite an wo!
2Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan
sanktiyè a,
epi #Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion.
3Ke Li kapab #Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo,
ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
4Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,
e #Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo!
5Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.
Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.
Ke SENYÈ a kapab #I Sam 1:17akonpli tout priyè ou yo.
6Alò, mwen konnen ke SENYÈ a
va delivre moun onksyone pa Li a.
Li va #És 58:9reponn li soti nan syèl sen Li an,
avèk delivrans pwisan men dwat Li a.
7Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,
# II Kwo 32:8 Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
8Yo te pliye e yo te tonbe,
men #Sòm 37:24nou te leve e nou te kanpe dwat.
9Delivre nou O SENYÈ!
Ke #Sòm 3:7Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 20: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió