Sòm Yo 19
19
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 #
Sòm 8:1
Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2Jou apre jou, l ap pale san rete;
#
Sòm 139:12
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 #
Wo 10:18
Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6Li #Sòm 113:3leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
7Lalwa SENYÈ a #Sòm 119:160pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li #Sòm 36:9 fè zye yo limen.
9Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman yo SENYÈ a vrè;
Yo #Sòm 119:138 jis san manke.
10Yo #Sòm 119:72pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran #Sòm 24:5-6rekonpans.
12Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen #Sòm 139:23-24pou fot ke m pa konnen yo.
13Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.
Pa kite yo vin domine m.
Konsa, mwen kab rete san fot,
epi va inosan a gran peche.
14Kite pawòl bouch mwen a avèk
#
Sòm 104:34
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 19: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith