Sòm Yo 17

17
Yon Priyè a David
1Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.
Prete zòrèy a lapriyè mwen,
ki pa sòti nan #És 29:13lèv k ap twonpe moun.
2Kite #Sòm 103:6pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;
Kite zye Ou gade avèk jistis.
3Ou te teste kè m.
Ou te vizite mwen pandan lannwit.
Ou te #I Pi 1:7sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.
Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
4Alò, pou zèv a lòm yo, #Sòm 119:9selon pawòl a lèv Ou yo,
Mwen te evite chemen a vyolan yo.
5 # Job 23:11 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.
Pye mwen pat janm glise.
6Mwen #Sòm 86:7te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.
Enkline zòrèy W bò kote m.
Tande pawòl mwen yo.
7Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
8Kenbe m tankou #Det 32:10de zye nan tèt Ou.
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
9kont mechan ki depouye m yo,
# Sòm 31:20 lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
10Yo fin fèmen kè rèd yo.
# Job 15:27 Avèk bouch yo, yo pale awogans.
11Koulye a, yo fin #Sòm 88:17antoure nou pandan n ap mache.
Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
12Se tankou yon lyon ki anvi devore,
tankou yon jenn lyon k ap #Sòm 10:9 kache
nan fènwa.
13Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;
Delivre nanm mwen de mechan yo avèk #Sòm 22:20 nepe Ou,
14Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,
depi nan men lòm de mond sa yo,
# Sòm 73:3-7 k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.
Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.
Fis ou yo gen kont,
e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
15Pou mwen menm, mwen va #Sòm 11:7wè figi Ou nan ladwati a;
mwen va satisfè avèk vizaj Ou
lè m ouvri zye m.

S'ha seleccionat:

Sòm Yo 17: BSA

Subratllat

Copia

Compara

Comparteix

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió