Sòm Yo 16
16
Yon Sòm David
1Pwoteje m O Bondye, paske #Sòm 7:1mwen kache nan Ou.
2Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
3Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;
sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
4Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo #Egz 23:13 p ap sòti sou lèv mwen.
5SENYÈ a se #Sòm 73:26pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
6 #
Sòm 78:55
Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
7Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, #Sòm 77:6panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 #
Sòm 16:8-11
Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9Pou sa, #Sòm 4:7kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap #Trav 13:35pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11Ou va fè m rekonèt #Sòm 139:24chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
S'ha seleccionat:
Sòm Yo 16: BSA
Subratllat
Copia
Compara
Comparteix
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith