Job 6
6
1Epi Job te reponn:
2 #
Job 31:6
“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3Paske li ta pi lou #Job 23:2pase sab lanmè yo.
Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4Paske #Job 16:13flèch Toupwisan an fin antre anndan m;
lespri m ap bwè pwazon.
Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
5Èske #Job 39:5-8bourik mawon ranni sou zèb li,
oswa bèf rele sou manje li?
6Èske bagay san gou kapab manje san sèl,
oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
7Nanm mwen #Job 3:24p ap touche yo.
Yo tankou manje abominab pou mwen.
8“O ke sa m mande ta kab rive,
e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9Ke Bondye #Nonb 11:15ta dakò pou kraze m nèt,
ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;
wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,
pou m #Job 22:22pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan?
Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12Èske fòs mwen tankou wòch,
o èske chè m kon bwonz?
13Èske se pa ke nanpwen #Job 26:2sekou anndan m,
ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki #Job 1:5kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15Frè m yo te aji ak #Jr 15:8desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17Nan #Job 24:19sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
19Karavàn #És 21:14Théma yo te vin veye;
vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20Yo #Jr 14:3te desi paske yo te mete konfyans;
yo te vini la, e te etone.
21Anverite, koulye a se konsa ou ye;
ou wè laperèz e ou vin pè.
22Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?
Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?
Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24“Enstwi mwen e #Sòm 39:1mwen va pe la!
Montre mwen kote mwen gen tò.
25Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!
Men kisa diskou ou a pwouve?
26Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,
lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27Konsa, ou ta menm #Jl 3:3tire osò pou òfelen yo
e fè twòk pou zanmi ou.
28Alò, souple, gade mwen e wè si se
#
Job 27:4
manti m ap fè nan figi ou.
29Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.
Retounen kote m! Jiska prezan, #Job 13:18ladwati mwen rete ladan an.
30Èske gen enjistis sou lang mwen?
Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
S'ha seleccionat:
Job 6: BSA
Subratllat
Comparteix
Compara
Copia
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith