Job 5

5
1“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan #Job 15:15sen fidèl yo ke ou va vire?
2Paske #Pwov 12:16rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
3Mwen te wè #Jr 12:2 moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
4 # Job 4:11 Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
5Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi #Job 18:8-10pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
6Paske #Job 15:35malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
7paske #Job 14:1lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
8 # Job 13:2-3 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10Li #Job 36:27-29bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11Jiskaske #Job 22:29Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12Li #Sòm 33:10anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13Li #Job 37:24kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14Nan gwo lajounen, yo #Job 12:25 jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15Men li sove yo de #Job 4:11nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e #Sòm 107:42inikite oblije pe bouch li.
17“Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, #Eb 12:5-11pa meprize disiplin Toupwisan an.
18Paske se #És 30:28Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesè a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan #Sòm 144:10 lagè, devan pouvwa nepe a.
21Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e #Sòm 91:5-6 ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22Ou va #Job 8:21ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e #És 11:6-9bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24Ou va konnen ke #Job 8:6tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25Anplis, ou va konnen ke #Sòm 112:2desandan ou yo va anpil,
e #És 44:3-4sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26Ou va #Job 42:17rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”

S'ha seleccionat:

Job 5: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió