Jij Yo 12

12
1Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te #Jij 8:1di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.” 2Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo. 3Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te #I Sam 19:5pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
4Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.” 5Galaadit yo te #Jij 3:28kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, 6alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
7Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
8Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li. 9Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo. 10Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
11Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane. 12Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
13Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li. 14Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane. 15Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.

S'ha seleccionat:

Jij Yo 12: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió