Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.