II Samuel 9
9
1Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, #I Sam 20:14-42pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:
“Èske ou se #II Sam 16:1-4Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
3Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”
Epi Tsiba te di a wa a: #II Sam 4:4“Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
4Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li #II Sam 17:27-29nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
5Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 6#II Sam 16:4Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”
Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
7David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen #II Sam 12:8 va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
8Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade #II Sam 15:9 yon chen mouri tankou mwen?”
9Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: #II Sam 16:4 “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. 10Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, #II Sam 19:28va manje tout tan sou tab mwen.”
Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè. 11Epi Tsiba te di a wa a: “Selon #II Sam 16:1-4tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. 12Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. 13Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.
S'ha seleccionat:
II Samuel 9: BSA
Subratllat
Comparteix
Compara
Copia
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith