II Samuel 8

8
1 # I Kwo 18 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2#Nonb 24:17Li te bat #I Sam 22:3-4Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
3Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan #II Sam 10:15-19li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. #Jos 11:6-9Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5#I Wa 11:22-35Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. #II Sam 8:2Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.
9Alò lè Thoï, wa a #I Wa 8:65Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. 11Wa David te #I Wa 7:51dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12Soti nan Syrie avèk #II Sam 8:2Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.
13Konsa, #II Sam 7:9David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan #II Wa 14:7Vale Sèl la. 14Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout #Jen 27:37-40Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
15David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16#I Kwo 11:6Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te #II Wa 18:18-37grefye a. 17#I Kwo 6:4-8Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou #II Sam 15:18Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

S'ha seleccionat:

II Samuel 8: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió