I Kwonik Yo 9

9
1Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. #I Kwo 5:25-26Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo. 2Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo. 3Kèk nan fis Juda yo, nan fis Benjamin yo ak nan fis a Éphraïm yo avèk Manasée te rete #Né 11:1Jérusalem: 4Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, #Jen 46:12fis a Juda a, 5Soti nan Shilonit yo: Asaja, premye ne a avèk fis li yo. 6Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo. 7Soti nan fis Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Hodavia a, fis a Assenua a; 8epi Jibneja, fis a Jerocham nan; Éla, fis a Uzzi a, fis a Micri a; epi Meschullam, fis a Schephathia a, fis a Reuel la, fis a Jibnija a; 9avèk fanmi pa yo selon zansèt pa yo, #Né 11:8nèf-san-senkant-sis. Tout sila yo se te chèf lakay zansèt pa yo selon lakay papa yo.
10Soti nan prèt yo te: Jedaeja, Jehorjarib, Jakin; 11Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a; 12Addaja, fis a Jerocham nan, fis a Paschur a, fis a Malkija a; Maesaï, fis a Adiel la, fis a Jachzéra a, fis a Meschullam nan, fis a Meschillémith la, fis a Immer a; 13epi fanmi pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, mil-sèt-san-swasant, mesye ak gwo kapasite pou lèv lakay Bondye a.
14Nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Merari yo; 15Bakbakkar, Héresch, Galal, Matthania, fis a Michée a, fis a Zicri a, fis a Asaph la; 16Abdias, fis a Schemaeja a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan ak Bérékia, fis a Asa a, fis a Elkana a, ki te rete nan vil Netofatyen yo.
17Alò, gadyen pòtay yo te Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman avèk fanmi pa yo (Schallum, ki te chèf la, 18estasyone jis koulye a nan #Éz 44:1pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo. 19Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a. 20#Nonb 25:7-13Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li. 21#I Kwo 26:2-14Zacharie, fis a Meschélémia a, te gadyen pòtay a antre tant asanble a. 22Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, #I Kwo 26:1ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, #II Kwo 31:15-18nan pozisyon konfyans sila a. 23Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen. 24Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid. 25Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo #II Wa 11:5-7 te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo; 26paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a. 27Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, #I Kwo 23:30-32 akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.
28Alò, kèk nan yo te an chaj zouti sèvis yo; paske yo te kontwole yo lè yo te mennen yo antre ak lè yo te sòti. 29Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktiyè a, #I Kwo 23:29 sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.
30Kèk nan #Egz 30:23-35fis a prèt yo te prepare melanj epis yo. 31Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo. 32Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.
33Alò, sila yo se te #I Kwo 6:31-47chantè yo a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit. 34Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.
35Jeïel, papa a Gabaon an te rete #I Kwo 8:29-32Gabaon e madanm li te rele Maacah, 36epi premye ne li a te Abdon ak Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab, 37Guedor, Achjo, Zacharie ak Mikoth. 38Mikloth te fè Schimeam. Epi yo menm tou te rete avèk fanmi pa yo Jérusalem anfas fanmi pa yo. 39#I Kwo 8:33-38Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal. 40Fis a Jonathan an: Merib-Baal. Merib-Baal te vin papa a Michée. 41Fis a Michée yo: Pithon, Mélec ak Thachréa. 42Achaz te fè Jaera; Jaera te fè Alémeth, Azmaveth ak Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea. 43Motsa te vin papa a Rephaja; Éleasa, fis li a; Arsel, fis li a. 44Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abidias avèk Hanan. Sila yo se te fis a Atsel yo.

S'ha seleccionat:

I Kwonik Yo 9: BSA

Subratllat

Comparteix

Compara

Copia

None

Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió