I Kwonik Yo 10
10
1Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa. 2Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo. 3Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo. 4Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.”
Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. #I Sam 31:4Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri. 6Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm. 7Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
8Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a. 9#I Sam 31:9Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la. 10Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kolè tèt li lakay Dagon an. 11Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
13 #
I Sam 13:13-14
Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi #Lev 19:31osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te #I Sam 15:28bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
S'ha seleccionat:
I Kwonik Yo 10: BSA
Subratllat
Comparteix
Compara
Copia
Vols que els teus subratllats es desin a tots els teus dispositius? Registra't o inicia sessió
Copyright © 2017-2023 Ron Smith