Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 35

35
Benediksyon Bondye sou Jakòb
1Bondye #Jen 27.43; 28.13,19 di Jakòb:
— Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezayi, frè ou la.
2Se #Jen 31.19; Egz 19.10; Joz 24.15,23; 1 Sam 7.3 konsa Jakòb rele fanmi li yo ansanm ak tout lòt moun ki te ak li yo, li di yo:
— Pran tout zidòl n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Mete rad pwòp sou nou. 3Nou #Jen 28.20; 31.3,42; 32.7,24 pral kite kote nou ye a, nou pral Betèl, kote mwen pral bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lapriyè m lè m te anba tray la, pou Bondye ki te la avèk mwen kote m pase nan vwayaj mwen te fè a.
4Se #Joz 24.26; Jij 9.6 konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tou sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan.
5Apre #Egz 15.16; 23.27; Det 11.25; Joz 2.9 sa, yo pati. Tout moun ki te rete nan zòn lan te vin pè Bondye anpil. Yo yonn pa leve al rapousib pitit Jakòb yo. 6Jakòb #Jen 28.19 rive ansanm ak tout moun ki te avè l yo lavil Louz, nan peyi Kanaran. Se lavil sa a yo rele Betèl tou. 7Li #Jen 35.1 bati yon lotèl la, li rele kote a Betèl, paske se la Bondye te parèt devan li lè li t'ap kouri pou frè l la.
8#Jen 24.59 sa a, Debora, bòn Rebeka a, mouri. Yo antere l pi ba Betèl, anba pye bwadchenn lan. Se konsa yo rele pye bwadchenn lan: chenn dlo nan je a.
9#Oze 12.4 Jakòb te tounen sòti Mezopotami, Bondye parèt ankò devan li, li beni li. 10Bondye #Jen 17.5; 32.28 di li ankò:
— Yo rele ou Jakòb, pa vre! Enben, yo p'ap rele ou konsa ankò. Apati jodi a, yo va rele ou Izrayèl.
Depi lè sa a, se Izrayèl yo rele l vre. 11Bondye #Jen 17.1-8; 26.3; 48.3,4 di l ankò:
— Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon. 12Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m'ap ba ou li tou. Apre sa, m'ap bay pitit pitit ou yo li.
13Apre #Jen 17.22 sa, Bondye kite l kote li t'ap pale ak li a, li moute nan syèl. 14Jakòb #Jen 28.18 pran yon gwo wòch, li plante l pou l make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li. 15Li #Jen 28.19 rele kote Bondye te pale avè l la Betèl.
Lanmò Rachèl
16Apre sa, yo pati kite Betèl. Yo pa te twò lwen rive lavil Efrata lè tranche kenbe Rachèl. Li te toujou mal pou akouche. 17Pandan #Jen 30.24 l'ap pouse pitit la konsa ak gwo difikilte, fanmchay la di li:
— Ou pa bezwen pè, ou fè yon ti gason ankò.
18Rachèl te nan lagoni. Anvan li fin trepase nèt, li bay pitit la non. Li rele li Bennoni ki vle di: Pitit dèy. Men papa rele li Benjamen, ki vle di: Pitit bra dwat. 19Rachèl #Jen 48.7; Rit 1.2; 4.11; Mi 5.2; Mat 2.6 mouri, yo antere l sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou. 20Jakòb #1 Sam 10.2 make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a. 21Apre sa, Izrayèl pati, l'al moute tant li lòt bò Migdaledè.
Pitit gason Jakòb yo
(1 Kwonik 2.1-2)
22Antan #Jen 49.4; 1 Kwo 5.1 Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Riben al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. #35.22: li te fache anpil: Se vèsyon grèk la ki bay fraz sa a, men pa genyen l nan tèks ebre a.
Jakòb te gen douz pitit gason. 23Men #Jen 29.31—30.24; 35.17,18; Egz 1.2-4 non pitit Leya te fè pou li yo: Riben, premye pitit gason l lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. 25Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. 26Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè.
Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.
Lanmò Izarak
27Jakòb #Jen 13.18; Joz 14.15 al wè papa l Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija-aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo. 28Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li 29#Jen 25.9; 49.31 li mouri. Li te fin granmoun lè li mouri ale jwenn moun li yo. Ezayi ak Jakòb, pitit gason li yo, fè lantèman antere li.

Currently Selected:

Jenèz 35: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti