Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 34

34
Kadejak Sichèm sou Dina
1Dina, #Jen 30.21 pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te sòti al rann medam peyi a vizit. 2Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dina, li mete men sou li, li fè kadejak sou li. 3Sichèm #Eza 40.2; Oze 2.14 tèlman damou pou Dina, li tonbe file li pou vire bonnanj li. 4Sichèm #Jij 14.2 di Amò, papa li:
— Al prezante devan paran fi sa a pou mwen.
5Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dina, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen.
6Amò, papa Sichèm, ale bò kote Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l. 7#Jen 20.9; 49.7; Joz 7.15; Jij 20.6; 2 Sam 13.12,21 sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen sòti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pat dwe fèt. 8Amò di yo:
— Sichèm, pitit gason mwen, fin fou pou fi a. Tanpri, kite li marye ak li non! 9Ann #Jen 24.3; 28.1,2 pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. N'a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. N'a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. 10Konsa #Jen 20.15; 42.34; 47.27 n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. N'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle.
11Apre #Jen 32.5 sa, Sichèm di papa ak frè Dina yo:
— Fè m favè sa a, tanpri. M'a ban nou tou sa nou vle. 12Di m #Egz 22.16,17; Det 22.29 kisa pou m fè nou kado. Nou mèt mande m nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tou sa n'a mande m. Men, se pou nou dakò. Kite m marye ak fi a.
13Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo. 14Yo #Joz 5.2,9 di yo:
— Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou. 15N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou. 16Lè sa a atò, n'a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tou n'a ka marye ak pitit fi ou yo. N'a rete nan peyi a ansanm ansanm, n'a tounen yon sèl pèp. 17Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n'ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou.
18Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an. 19Se konsa jenn gason te prese fè sa yo te mande li fè a paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil anpil, epi se yon nèg moun kanton an te koute anpil.
20Amò #Rit 4.1; 2 Sam 15.2 ak Sichèm, pitit gason l lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:
21— Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo. 22Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a. 23Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.
24Tout #Jen 23.10 moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la.
25Twa #Jen 29.33,34; 30.21; 49.5-7 jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dina yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pèsonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo. 26Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, yo pran Dina, yo fè l kite kay Sichèm lan, y'al fè wout yo avè l. 27Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a. 28Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tou sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo. 29Yo pran tout richès ak tou sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye.
30Apre #Jen 13.7; Egz 5.21; Joz 7.25; 1 Sam 13.4; 2 Sam 10.6; Sòm 105.12 sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo:
— Gade nan ki traka nou mete m. Kounyeya, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m, y'ap touye m ansanm ak tout moun lakay mwen.
31Men Simeyon ak Levi reponn:
— Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!

Currently Selected:

Jenèz 34: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti