Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 32

32
Jakòb pral kontre ak Ezayi
1Jakòb menm fè chemen li. Li kontre kèk zanj Bondye. 2#Joz 5.14; Sòm 103.21; Lik 2.13 li wè yo, li di:
— Sa se lame Bondye a.
Se poutèt sa li rele kote a Manayim. #32.2: Manayim: Se yon mo ebre ki vle di de kan. 3Jakòb #Jen 36.8,9; Det 2.4,5 voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezayi, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a. 4Men sa li ba yo lòd pou yo di:
— Men sa n'a di Ezayi, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l tounen. 5Li #Jen 33.8,15 gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l.
6#Jen 33.1 mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l:
— Nou te ale kote Ezayi, frè ou la. Kounyeya li gentan sou wout pou l vin kontre ou. Li gen katsan (400) moun ak li.
7Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo. 8Li t'ap di nan kè l:
— Si Ezayi vin atake yon pòsyon, lòt pòsyon an va gentan chape.
9Jakòb #Jen 28.13; 31.3 lapriyè, li di:
— O Bondye Abraram granpapa m lan, Bondye Izarak papa m lan! O Senyè, ou menm ki te di m tounen nan peyi m kote m te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen. 10Mwen #2 Sam 7.18 menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m. Lè m t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m. Kounyeya m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon. 11Tanpri, #Pwo 18.19 delivre m non anba men Ezayi, frè mwen an! Mwen pè pou l pa vin atake nou, pou l pa touye ata fanm yo ak timoun yo. 12Chonje #Jen 28.13-15 sa ou te di m lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.
13Jakòb #Jen 43.11 rete pase nwit la kote l te ye a. Apre sa, nan sa l te gen avè l yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezayi, frè l la, kado. 14Li pran desan (200) fenmèl kabrit ak ven bouk, desan fenmèl mouton ak ven belye, 15trant fenmèl chamo nouris ak tout ti chamo yo dèyè yo, karant manman bèf, dis towo, ven fenmèl bourik ak dis mal bourik. 16Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa:
— Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l yo ak bèt ki devan l yo.
17Epi li pase premye a lòd sa a:
— Lè Ezayi, frè m lan, va kontre ou, l'ap mande ou: Kilès ki mèt ou? Kote ou prale? Pou ki moun bèt sa yo w'ap pouse devan ou konsa a? 18W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezayi, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.
19Li pase dezyèm lan, twazyèm lan ak tout lòt moun ki t'ap mache dèyè bèt yo menm lòd la.
— Men sa nou gen pou n di Ezayi, lè nou kontre l. 20Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye.
Jakòb t'ap di nan kè l:
— Avèk tout kado m'ap voye devan m lan, m'ap fè kè l kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m.
21Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l te ye a.
Rèv Jakòb Penyèl
22Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la. 23Apre li fin fè yo janbe larivyè a, li fè janbe tou sa li te genyen tou. 24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè.
Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk douvanjou. 25Lè nonm lan wè li pat ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l. Se konsa zo ren l dejwente pandan yo t'ap goumen an. 26Nonm #Lik 18.1 lan di l:
— Kite m ale, paske bajou pral kase.
Jakòb reponn li:
— Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.
27Nonm lan di:
— Ki jan ou rele?
Li reponn:
— Jakòb.
28Nonm #Jen 35.10; Oze 12.3,4 lan di l:
— Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, #32.28: Izrayèl: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon fraz ki vle di li goumen ak Bondye osinon Bondye goumen. paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
29Jakòb #Jij 13.18 mande l:
— Tanpri! Di mwen kijan ou rele?
Li reponn li:
— Poukisa ou vle konn non mwen an atò?
Apre sa, li beni Jakòb. 30Jakòb #Jen 16.13; Egz 24.10,11; Jij 6.22; 13.22; Eza 6.5 di konsa:
— Mwen wè Bondye, mwen pa mouri.
Se konsa, li rele kote l te ye a Penyèl. #32.30: Penyèl: Mo sa a vle di figi Bondye.
31Solèy te gentan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li. 32Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.

Currently Selected:

Jenèz 32: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti