Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 31

31
Jakòb kite Laban
1Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di:
— Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa.
2Jakòb vin wè tou Laban pat ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an. 3#Jen 28.15 sa a, Senyè a di l:
— Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou.
4Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l nan savann kote bèt li yo ye a. 5Li #Jen 21.22; Eza 41.10 di yo:
— Mwen wè karaktè papa nou pa mimn jan avè m ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m lan toujou avè m. 6Nou #Jen 30.29 tou de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouray mwen. 7Men #Jen 15.1; Nonb 14.22; Jòb 19.3 li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m. Men, Bondye pa janm kite l fè m anyen. 8#Jen 30.32 Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo. 9Se #Jen 31.1,16 Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo. 10Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo. 11Zanj Bondye a pale avè m nan rèv la, li di m: Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi. 12Li #Egz 3.7 di m ankò: Leve je ou gade: Tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tou sa Laban ap fè ou. 13Mwen #Jen 28.18-22; 31.3; 32.9 se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Kounyeya, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.
14Rachèl #Jen 2.24; 2 Sam 20.1; 1 Wa 12.16 ak Leya reponn Jakòb:
— Nou pa gen anyen ankò pou n eritye nan men papa nou. 15Eske #Jen 29.20,30 li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Kounyeya, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an. 16Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Kounyeya, se pou ou fè tou sa Bondye di ou fè.
17Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo. 18Li pran tout bèt li yo ansanm ak tou sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, l'al jwenn papa l, Izarak, nan peyi Kanaran. 19#Jij 17.5; 1 Sam 19.13; Eze 21.21; Oze 3.4 sa a, Laban te al taye lenn mouton l yo. Pandan li pat la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l yo. 20Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l pa di l sa. 21Li #2 Wa 12.17; Lik 9.51 pran tou sa li te genyen, li mete deyò, l ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou l'al sou mòn Galarad.
Laban pati dèyè Jakòb
22Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati. 23Mesye pran moun pa li yo avè l, li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad. 24Men, pandan #Jen 20.3; 24.50; 2 Sam 13.22 lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l:
— Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
25Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tou sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l yo.
26Laban di Jakòb:
— Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m, ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè. 27Poukisa #Jen 31.20 ou twonpe m, ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m? Si ou te di m sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale. 28Ou #Rit 1.9; 1 Wa 19.20; Tra 20.37 pa menm kite m bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m yo. Ou aji tankou moun fou, monchè! 29Mwen #Jen 31.24 gen kont pouvwa anba men mwen pou mwen ta regle ou. Men yèswa, pandan lannwit lan, Bondye, papa ou, di mwen: - Piga ou di Jakòb anyen, ni anbyen, ni anmal. 30Mwen #Jen 31.19; Jij 18.24 konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?
31Jakòb reponn Laban, li di l:
— Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm. 32Men, #Jen 44.9 kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l pote l ale.
Jakòb pat konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo. 33Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, l'ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li sòti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl la. 34Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen. 35Rachèl #Egz 20.12; Lev 19.32 di papa l konsa:
— Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalin mwen mwen genyen.
Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo. 36Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouya ak li, li di l:
— Ki krim mwen fè? Kisa m fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa? 37Ou #1 Sam 12.3 fin fouye tout zafè m yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l la devan moun pa ou yo ak moun pa m yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon! 38Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. 39#Egz 22.10,12 bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. 40Lajounen, chalè te fini avè m. Lannwit, se te fredi, mwen pat kapab dòmi. 41Se #Jen 29.20,30; 31.7 konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m. 42Si #Jen 29.32; 31.24; Sòm 124.1,2; Eza 8.13 Bondye papa mwen an, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a pa te kanpe avèk mwen, koulyeya ou ta voye mwen ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè. Se konsa yèswa, li rann jijman li.
Kontra Laban ak Jakòb
43Laban reponn Jakòb:
— Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. Tou sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m ka fè kounyeya pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo? 44Vini #Jen 26.28 non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a.
45Jakòb #Jen 28.18 pran yon gwo wòch, li plante l nan tè a, li fè l rete kanpe tankou yon bòn. 46Epi, li di moun li yo:
— Ranmase wòch.
Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje. 47Laban rele pil wòch la Jega Saadouta #31.47: Jega Saadouta: Se yon mo nan lang peyi Aram lan ki vle di Yon pil wòch pou fè nou chonje. Galèd: se mo ebre ki koresponn avèk Jega Saadouta a. nan lang pa l, men Jakòb te rele l nan lang pa l Galèd. 48Laban #Joz 24.27 di:
— Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tou de toujou chonje kontra a.
Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd. 49Laban di ankò:
— Se pou Bondye voye je sou nou tou de lè nou fin separe.
Se konsa yo rele kote sa a Mispa. #31.49: Mispa: Se non yo bay kote yo mete faksyonè yo kanpe ap veye. 50Laban #Jij 11.10; Jer 42.5; Mi 1.2 pale ankò, li di:
— Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.
51Laban di Jakòb ankò:
— Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la. 52Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gendwa depase l pou m vin atake ou, ni ou pa gendwa depase l pou ou vin atake m. 53Se #Jen 16.5; 31.42 pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou.
Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l respekte a. 54Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.
55Nan #Jen 31.28 denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.

Currently Selected:

Jenèz 31: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti