Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 29

29
Jakòb kay Laban
1Jakòb #Nonb 23.7; Jij 6.3 pran mache ankò, l'ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a. 2Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a. 3Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò.
4Jakòb #Jen 27.43 mande gadò mouton yo konsa:
— Zanmi m yo, moun ki bò nou ye?
Yo reponn li:
— Nou se moun Karan.
5Li di yo:
— Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a?
Yo reponn li:
— Men wi, nou konnen l.
6Li mande yo:
— Ban m nouvèl li non. Li byen?
Yo reponn li:
— Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo.
7Jakòb di yo:
— Men, kalite gwo solèy sa a, li poko lè pou antre mouton yo! Pouki nou pa fè yo bwè epi kite yo nan manje toujou?
8Yo reponn li:
— Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n'a met men ansanm pou n woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n'a bay mouton yo bwè.
9Jakòb #Egz 2.16 t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l yo. Se li menm ki te gade mouton l yo pou li. 10Kou #Egz 2.17 Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè. 11Lè l fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye. 12Jakòb #Jen 13.8; 14.14 fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an.
Rachèl kouri al di papa l sa. 13#Jen 24.29 Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l, li pase men nan kou l, li bo l, epi li mennen l lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l tou sa k te pase. 14#Jen 2.23; Jij 9.2; 2 Sam 5.1; 19.12,13 sa a, Laban di l:
— Aa wi, se ras mwen ou ye vre.
Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban.
Travay Jakòb pou Rachèl ak Leya
15Laban mande Jakòb:
— Ou se fanmi m, se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m gratis pou sa. Di m konbe pou m peye ou?
16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl. 17Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil. 18Jakòb #Jen 30.26; 31.41 te renmen Rachèl. Li reponn Laban:
— M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
19Laban di l:
— Pito se ou menm mwen bay li pase m bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.
20Se #Oze 12.12 konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a. 21Lè lè a rive, Jakòb di Laban:
— Bon. Li lè atò pou ou ban m pitit fi ou la pou m ka marye avè l.
22Se #Jij 14.10; Jan 2.1 konsa Laban fè yon gwo resèpsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an. 23Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l bay Jakòb ki kouche avè l. 24Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li.
25Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban:
— Kisa ou fè m konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m koutba sa a?
26Laban di l:
— Se pa koutim nou isit pou n marye ti sè anvan gran sè. 27Tann #Jij 14.12 senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m pandan sèt lòt lanne ankò.
28Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou. 29Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li. 30Jakòb #Jen 30.26 kouche ak Rachèl. Li te renmen l pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
Pitit Jakòb yo
31Lè Senyè a wè jan Jakòb pat renmen Leya, li fè l fè pitit. Men, Rachèl pat kapab fè pitit. 32Leya #Egz 3.7; Det 26.7 vin ansent, li fè yon pitit gason, li di:
— Senyè a wè jan m'ap soufri. Kounyeya, mari m va renmen m.
Se konsa li rele l Riben. #29.32: Woubenn: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di Gade yon pitit gason! osinon Li wè nan ki mizè mwen ye. 33Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di:
— Senyè a ban m yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m pa renmen m menm.
Se konsa li rele l Simeyon. #29.33: Simeyon: Nan lang ebre a se yon mo ki sonnen tankou yon lòt mo ki vle di tande. 34Li #Nonb 18.2,4 vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di:
— Fwa sa a, mari m pral rete avè m nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li.
Se konsa li rele l Levi. #29.34: Levi: Mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di mare ansanm. 35Apre #Jen 49.8 sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di:
— Fwa sa a, m'ap fè lwanj Senyè a.
Se konsa li rele l Jida. #29.35: Jida: Mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di fè lwanj. Apre sa, Leya sispann fè pitit.

Currently Selected:

Jenèz 29: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti