Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 28

28
1Izarak #Jen 24.3-6 rele Jakòb, li beni l. Apre sa, li ba li lòd sa a:
— Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. 2Leve #Jen 25.20 non, ale Mezopotami, lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan pitit fi Laban yo pou madanm. Laban se frè manman ou. 3Mwen #Jen 17.1,6 mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l beni maryaj ou, pou l ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon. 4Se #Jen 12.2,3; 17.8 pou l beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv kounyeya, peyi li te deja bay Abraram lan.
5Se #Oze 12.12 konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezayi.
Ezayi pran lòt madanm ankò
6Ezayi vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tou lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. 7Ezayi te wè Jakob te obeyi papa l ak manman l, li te pati pou Mezopotami. 8Konsa, #Jen 26.35 Ezayi vin wè Izarak papa l pat renmen fi peyi Kanaran yo. 9Li #Jen 25.13; 36.3 leve, l'ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt.
Vizyon Jakòb Betèl
10Jakòb #Jen 26.33; 27.43 kite Bècheba, li pati pou Karan. 11Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske solèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l dòmi. 12Li #Jòb 33.15,16; Jan 1.51 fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la. 13Epi #Jen 13.15; 26.24; 35.1; 48.3 li wè Senyè a kanpe anwo nechèl la. Senyè a t'ap di:
— Se mwen menm, Senyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. 14Pitit #Jen 12.3; 13.16 pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. 15Pa #Jen 26.24; 31.3; 35.6; Nonb 23.19 bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m pa fè tou sa mwen sot di ou la a.
16Jakòb leve nan dòmi an, li di:
— Wè pa wè, Senyè a isit la, mwen pat konn sa.
17Mesye vin pè, li di:
— Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
18Jakòb #Jen 31.13,45; 35.14; 1 Sam 7.12 leve byen bonè, li pran wòch li te fè sèvi l zòrye a, li plante l tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l apa pou Bondye. 19Li #Jen 35.7; Jij 1.23 rele kote sa a Betèl. #28.19: a) Betèl: Se yon mo ebre ki vle di kay Bondye. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.#28.19: b) Louz: Se yon mo ebre ki vle di pye zanmann.) 20Jakòb #Jen 31.13 fè yon pwomès bay Senyè a, li di:
— Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m manje pou m manje ak rad pou m met sou mwen, 21si l #Det 26.17; Jij 11.31; 2 Sam 15.8 fè m tounen ak kè poze lakay papa m, Senyè a va Bondye m vre. 22Wòch #Jen 14.20; 35.7,14; Lev 27.30 sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. M'a ba ou yon dizyèm (1/10) nan tou sa ou va ban mwen.

Currently Selected:

Jenèz 28: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti