Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 25

25
Lòt pitit Abraram yo
(1 Kwonik 1.32-33)
1Abraram #1 Kwo 1.32,33 te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura. 2Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. 3Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. 4Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.
5Abraram #Jen 24.36 kite tout byen l yo pou Izarak. 6Men anvan l mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.
Lanmò Abraram
7Abraram te viv sanswasannkenzan (175 an). 8Abraram #Jen 15.15; 25.17; Jij 2.10 te fin vye granmoun nèt nèt. Li te pase vye jou li yo san pwoblèm. Apre sa, li mouri mouri li al jwenn moun li yo. 9Izarak #Jen 23.16-19 ak Izmayèl, pitit li yo, antere l nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre. 10Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. 11Apre #Jen 24.62 Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l lan, ki te rete toupre Pi moun-vivan-ki-wè m lan.
Pitit pitit Izmayèl yo
(1 Kwonik 1.28-31)
12Men #Jen 16.15 pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram.
13Men #1 Kwo 1.29-31 non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam, 14Michma, Douma, Masa, 15Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. 16Se #Jen 17.20 yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo. 17Izmayèl #Jen 25.8 te gen santrannsetan (137 an) lè l mouri. Y'al antere l menm kote ak moun li yo ki te mouri dejà. 18Pitit #Jen 16.12; 1 Sam 15.7 pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pat mele ak rès fanmi yo.
Nesans Ezayi ak Jakòb
19Men #Mat 1.2 istwa Izarak, pitit Abraram. 20Abraram #Jen 24.24,29,67 te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram. 21Madanm #2 Sam 24.25; 1 Kwo 5.20; 2 Kwo 33.13; Esd 8.23 Izarak pat ka fè pitit. Izarak lapriyè Senyè a pou li, Senyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent. 22De #1 Sam 9.9; 10.22 ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di:
— Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen?
L'al lapriyè Senyè a. 23Senyè a #Jen 17.16; 24.60; 27.29,40; 2 Sam 8.14; Wòm 9.12 reponn li:
— Ou gen de nasyon nan vant ou.
W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo.
Yonn p'ap vle wè lòt.
Yonn ap pi grannèg pase lòt.
Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
24Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. 25Premye #Jen 27.11 ki te fèt la te tou wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l. Se poutèt sa yo te rele l Ezayi. #25.25: Ezayi: Mo ebre ki vle di plen pwal la sonnen tankou Seyi, lòt non yo bay Ezayi nan liv la. Non Seyi a rete pou peyi kote moun ras Ezayi yo tabli kò yo. 26#Jen 27.36; Oze 12.3 dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezayi nan talon pye l: se poutèt sa yo rele l Jakòb. #25.26: Jakòb: Se yon mo ebre ki sonnen tankou yon lòt mo ebre ki vle di talon pye, osinon yon lòt mo ki vle di pase devan, pran sa ki pou yon lòt. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt.
Ezayi vann dwa li
27Timoun #Jen 27.3,5 yo grandi. Ezayi te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay. 28Izarak #Jen 27.4,7 te pito Ezayi, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb.
29Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezayi antre sot nan jaden, li te bouke anpil. 30Li di Jakòb konsa:
— M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m ti gout nan bouyon pwa wouj ou a.
Se poutèt sa yo te bay Ezayi yon lòt ti non. Yo te rele l Edon. #25.30: Edon: Se yon mo ebre ki vle di ti wouj. 31Men Jakòb di l:
— M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.
32Ezayi reponn:
— Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m?
33Jakòb #Eb 12.16 di li:
— Fè m sèman anvan.
Ezayi fè sèman ba li, li vann li dwa l kòm premye pitit. 34Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezayi manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezayi te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.

Currently Selected:

Jenèz 25: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti