Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 24

24
Abraram chache madanm bay Izarak
1Abraram #Jen 24.35 te vye granmoun nèt. Senyè a beni li nan tout bagay.
2Abraram #Jen 15.2; 24.9,10; 47.29 te gen yon nonm k'ap travay ak li ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di li:
— Vini! Mete men ou la nan fant kwis mwen, sèmante ban mwen. 3Mwen #Egz 34.16; Det 7.3; 2 Kor 6.14 vle pou sèmante devan Senyè a, sèl Bondye syèl la ak tè a. Sèmante ou p'ap chwazi madanm bay pitit gason mwen an nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote mwen rete a. 4Men, #Jen 11.31 se nan peyi pa m pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m lan.
5Domestik la mande l:
— Kisa pou m fè si fi a pa vle kite peyi l pou l vin avè m nan peyi sa a? Eske se pou m mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te sòti a?
6Abraram reponn li:
— Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a! 7Senyè a, #Jen 12.1,7; Egz 23.20 Bondye syèl la, te pran m fè m sòti lakay papa m ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m. Li fè m sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m lan. 8Si #Joz 2.17-20 madanm lan pa vle vin avè-ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m lan laba a.
9Domestik #Jen 24.2 la mete men l nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l fè sa l mande l fè a. 10Domestik #Jen 27.43 la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, l'ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami. 11#Egz 2.16 aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti mèdam yo tè konn vin tire dlo. 12Li #Jen 24.27,42,48; 27.20 lapriyè, li di:
— Senyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen. 13Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo. 14Mwen #Jen 15.8; Jij 6.17-22 mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m bwè lèfini l'ap bay chamo m yo bwè tou, lè m'a di l: Tanpri, bese krich ou a ban m ti gout dlo pou m bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre.
15Li #Jen 11.29; 22.23 t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan. 16Se #Jen 26.7 te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute sòti deyò. 17Domestik la kouri al jwenn li, li di l konsa:
— Tanpri, ban m ti gout dlo nan krich ou a non.
18Rebeka reponn li:
— Wi. Bwè non, mesye.
Li desann krich la sòti sou zepòl li, li kenbe l nan men l pou fè nonm lan bwè. 19Lè nonm lan fin bwè, jenn fi a di l:
— Mwen pral pran dlo pou chamo ou yo, pou yo ka bwè kont yo tou.
20Li prese vide rès dlo krich la nan yon ti basen pou chamo yo bwè, epi li kouri desann nan sous la al chache dlo jouk tout chamo yo fin bwè kont yo.
21Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l pa di anyen, li t'ap tann pou l wè si Senyè a pat fè l vwayaje pou gremesi. 22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l nan nen Rebeka. #24.22: Li pase l nan nen Rebeka: Se yon ansyen vèsyon grèk ki bay fraz sa a. Pa genyen l nan tèks ebre a. Li pran de bèl brasle ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
23Epi li mande l:
— Pitit ki moun ou ye? Tanpri, di m non. Eske gen kote lakay papa ou pou m pase nwit la avèk chamo m yo?
24Jenn fi a reponn:
— Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò.
25Li di l ankò:
— Lakay nou, nou gen kont pay zèb pou chamo ou yo. W'a jwenn kote pou ou pase nwit la tou.
26#Jen 24.48,52; Egz 4.31 sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Senyè a. 27Li #Jen 24.12,48; 32.10 di:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an.
Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l la.
Li mennen m tou dwat lakay fanmi mèt mwen an.
28Jenn fi a kouri lakay manman l. Li rakonte tou sa ki te rive. 29Rebeka #Jen 25.20; 28.2 te gen yon frè yo rele Laban. Laban kouri deyò al jwenn nonm lan bò sous la. 30Li te wè zanno a ak braslè yo sou sè li. Li te tande l'ap rakonte sa nonm lan te di li. Lamenm, l'ale jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo li yo. 31Laban #Jen 26.29; Jij 17.2; Rit 3.10 di l:
— Antre non. Ou se yon nonm Senyè a beni. Poukisa ou rete deyò a konsa? Mwen pare yon kote pou ou nan kay la. Gen plas pou chamo ou yo tou.
32Nonm #Jen 18.4; 43.24; Jij 19.21 lan antre nan kay la. Laban desele bèt yo. Li ba yo manje. Li fè pare dlo pou nonm lan ak moun ki avè li yo pou yo fè twalèt. 33Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di:
— Anvan m manje, se pou m di sa m gen pou m di a.
Laban di l:
— Bon. Pale non.
34Mesye pran lapawòl, li di:
— Mwen se domestik Abraram. 35Senyè a #Jen 13.2 voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik. 36Sara, #Jen 21.2,10; 25.5 madanm mèt mwen, te fin vye granmoun lè li te resi fè yon pitit gason pou li. Mèt mwen bay pitit sa a tou sa li genyen. 37Mèt #Jen 24.3 mwen fè m fè sèman, li di m piga m chwazi yon madanm pou pitit gason l lan nan medam moun peyi Kanaran kote l rete a. 38Men se pou male lakay papa l pou mwen chwazi yon madanm nan ras li pou pitit gason l lan. 39Lè sa a, mwen di mèt mwen: Bon, si fi a pa vle vini avè m, kisa pou m fè? 40Li #Jen 17.1; 24.7 reponn mwen: Senyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m pou gason m lan. 41Si #Jen 24.8 ou fè sa, w'a kit ak sèman ou te fè m lan. Konsa tou, si ou rive kay fanmi m, si yo menm yo refize, w'a kit ak sèman ou te fè m lan tou. 42Jòdi a, lè m #Jen 24.12,21 rive bò sous dlo a, mwen di: Senyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m pa vwayaje pou gremesi. 43Gade, #Jen 24.13,14 m'ap rete kanpe bò sous dlo a. Lè m'a wè yon jenn fi k'ap vin chache dlo nan pi a, m'a va di l: Tanpri, ban m ti gout dlo nan krich ou a pou m bwè. Si li reponn mwen: 44Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an. 45Mwen #Jen 24.15-17 pat menm fin di pawòl sa yo nan kè m, lè m wè Rebeka rive ak krich li sou zepòl li. Li desann nan sous la, li pran dlo epi mwen di l: Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. 46Lamenm, li #Jen 24.18-20 desann krich la sòti sou zepòl li, li di m: Bwè non. Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou. Mwen bwè, epi li bay chamo m yo bwè tou. 47Mwen #Eze 16.11,12 mande l: Pitit ki moun ou ye? Li reponn mwen: Mwen se pitit fi Betwèl, pitit gason Milka ak Nakò. Lè sa a, mwen mete zanno a nan nen l, mwen mete brasle sa yo nan bra l. 48Mwen #Jen 22.23; 24.26,27; Eza 48.17 tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Senyè a, mwen fè lwanj Senyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m tou dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l lan. 49Alèkile, #Jen 47.29; Joz 2.14 si nou vle aji byen avè l, si nou vle fè l konfyans, fè m konnen. Si nou pa dakò, fè m konnen tou, pou m ka konnen sa pou m fè.
50Laban #Jen 31.24; Sòm 118.23 ak Betwèl reponn:
— Bagay sa a se travay Senyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n di nan sa. 51Men #Jen 24.42-46 Rebeka devan ou, pran li, mennen l ale pou l vin madanm pitit gason mèt ou a, jan Bondye te di l la.
52#Jen 24.26 domestik Abraram lan tande sa, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Senyè a. 53Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou. 54Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di:
— Kite m tounen al jwenn mèt mwen.
55Men, frè a avèk manman an di konsa:
— Kite fi a pase dis jou ankò avèk nou non. Apre sa, n'a pati.
56Li reponn yo:
— Pa ban m reta. Senyè a pa fè m vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m al jwenn mèt mwen.
57Yo di l:
— Bon. Ann rele fi a. Ann mande l sa l di nan sa.
58Yo rele Rebeka, yo mande l:
— Eske ou vle ale ak nonm sa a?
Li reponn:
— Wi, mwen vle ale.
59Se #Jen 35.8 konsa yo kite Rebeka, sè yo a, ansanm ak bòn ki te nouris li a pati avèk domestik Abraram lan, ansanm ak moun ki te vin avè l yo. 60Yo #Jen 17.16; 22.17 beni Rebeka, yo di l:
— Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit.
Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.
61Apre sa, Rebeka avèk tout sèvant li yo leve, yo moute chamo yo, yo pati avèk nonm lan. Domestik la pran l, li pati ak li.
62#Jen 16.14; 25.11 sa a, Izarak te vini nan dezè a, bò kote Pi moun-vivan-ki-wè m lan. #24.62: Izarak te vini…ki-wè m lan: Se konsa fraz la pati dapre kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay: Izarak t'ap tounen sòti bò Pi moun-vivan-ki-wè m lan. Li te rete nan peyi Negèv. 63Yon jou swa, Izarak t'ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t'ap kalkile. Li leve je l, li gade, li wè kèk chamo ki t'ap vini. 64Menm lè a tou, Rebeka leve je l, li wè Izarak. Li desann chamo a. 65Li mande domestik la:
— Ki mesye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an?
Domestik la reponn li:
— Se mèt mwen an wi.
Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l.
66Domestik la rakonte Izarak tou sa li te fè. 67Izarak #Jen 23.2 mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l lan. Li pran l pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l lan.

Currently Selected:

Jenèz 24: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti