Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 17

17
Sikonsizyon, siy kontra a
1#Jen 24.40; Jòb 1.1; Mat 5.48 Abram rive sou katrevendisnevan laj, Senyè a parèt devan l, li di l konsa:
— Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m di ou fè. Se pou ou mennen yon lavi san repwòch. 2M'ap #Jen 13.16 pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.
3#Jen 17.17; Nonb 16.22; 20.6 sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l ankò, li di l:
4— Men #Wòm 4.11,12 kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon. 5Yo #Ney 9.7; Wòm 4.17 p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, #17.5: Abraram: Se yon mo ebre ki vle di papa anpil nasyon. paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. 6M'ap #Jen 35.11 ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap sòti nan ras ou. 7M'ap #Gal 3.17; Eb 11.16 kenbe kontra m lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou. 8Ou #Jen 13.15; Egz 6.7; 29.45; Lev 26.12; Sòm 48.14; 105.11; Rev 21.7 wè tè kote ou rete tankou moun vini kounyeya? Mwen gen pou m ba ou l ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
9Bondye di Abraram:
— Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen. 10Men egzijans mwen fè nou, ou menm ansanm ak tout pitit ou yo: Se pou nou sikonsi tout gason nan mitan nou. 11Depi #Tra 7.8; Wòm 4.11 kounyeya, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m. 12Se #Egz 12.48; Lev 12.3; Lik 1.59; 2.21 pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou. 13Wi, se pou sikonsi yo tout: kit yo fèt nan peyi a, kit yo fèt aletranje. Se va yon mak letanp sou kò nou pou fè wè kontra mwen pase ak nou an. Se va yon kontra ki la pou tout tan. 14Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pat kenbe kontra mwen fè ak nou an.
15Apre sa, Bondye di Abraram:
— Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l Sara. #17.15: Sara: Se yon mo ebre ki vle di pitit fi wa a. Sarayi, se yon ansyen fòm pou menm non an. 16M'ap #Jen 18.10; 35.11 beni madanm ou, m'ap fè l ba ou yon pitit gason. M'ap beni l, m'ap fè l tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.
17Abraram #Jen 17.3; 18.12 mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l chonje jan l fin granmoun. Li t'ap di nan kè l: Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent? 18Se konsa li di Bondye:
— Tanpri, beni Izmayèl! Pa kite li mouri!
19Men #Jen 18.10; 21.2 Bondye di l:
— Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l Izarak. #17.19: Izarak: Se yon mo ebre ki sonnen tankou yon vèb ki vle di l'ap ri. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye: Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. 20Ou #Jen 16.10; 21.13,18 mande mwen pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè sa. M'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Va gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. L'ap vin zansèt yon kokennchenn nasyon. 21Men, #Jen 21.2; 26.2-5 m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.
22#Jen 35.13 Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l, li moute nan syèl.
23Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l, li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l lòd la. 24Abraram poutèt pa l te gen katrevenndiznèvan lè l te sikonsi. 25Izmayèl, pitit gason l lan, te gen trèzan lè l te sikonsi. 26Yo tou de, yo sikonsi yo menm jou 27ansanm ak tout domestik ki te lakay li, kit yo te fèt la, kit se achte li te achte yo nan men moun lòt nasyon yo.

Currently Selected:

Jenèz 17: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti