Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 16

16
Aga ak Izmayèl
1Sarayi, madanm Abram, pat janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga. 2Sarayi #Jen 30.3 di Abram konsa:
— Gade! Senyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen.
Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l la. 3Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gentan gen dizan nan peyi Kanaran an.
4Abram #1 Sam 1.6,7 kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò. 5#Jen 31.53; 1 Sam 24.12 sa a, Sarayi di Abram:
— Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m pou anyen ankò. Se Senyè a ki pou jije m avè ou.
6Abram reponn Sarayi, li di l:
— Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gendwa fè sa ou vle avè l.
Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
7Zanj Senyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la. 8Li di l konsa:
— Aga, sèvant Sarayi, kote ou sòti la a? Kote ou prale?
Aga reponn:
— M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.
9Zanj Senyè a di l:
— Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
10Zanj #Jen 17.20; 25.12-16 lan di l ankò:
— M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.
Moun p'ap ka konte yo.
11Zanj #Jen 29.32 lan di l ankò:
— Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason.
W'a rele l Izmayèl, #16.11: Izmayèl: Mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ebre ki vle di Bondye tande.
paske Senyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
12Pitit #Jen 25.18; Jòb 39.5-8 gason ou lan va tankou yon bourik mawon.
Tout moun ap chache donte li.
Men li menm, li va bouske domine tout moun.
13Aga di nan kè li: Ou kwè se mwen menm tout bon vre ki wè moun ki wè mwen an! Se konsa li rele Senyè a El-Wòy, ki vle di: Bondye ki wè mwen an. 14Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m lan.
15Aga #Jen 16.11 fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl. 16Abram te gen katrevennsizan lè Aga te fè Izmayèl.

Currently Selected:

Jenèz 16: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti