Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 14

14
Abram sove Lòt
1Lè sa a, Anmrafèl te wa Chinea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo. 2Yo kat yo leve, y'al fè lagè ak senk lòt wa: Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Chineab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou. 3Senk #Nonb 34.12; Det 3.17; Joz 3.16 wa sa yo mete tèt yo ansanm, yo reyini nan Fon Sidim lan kote lanmè Sèl la ye a. 4Pandan douzan, senk wa sa yo te soumèt devan Kedòlaòmè. Lanne ki fè yo trèzan an, yo revòlte. 5Lanne #Det 2.10-12 apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim. 6Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a. 7Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tou ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.
8Lè sa a, wa Sodòm, wa Gomò, wa Adma, wa zeboyim ansanm ak wa Bela a, yo sòti, yo pran pozisyon nan Fon Sidim lan pou yo goumen 9kont Kedòlaòmè, wa Elam, Tideal, wa lòt nasyon yo, Anmrafèl, wa Chinea ak Ajòch, wa Elaza. Sa te fè kat wa kont senk wa.
10Nan #Jen 19.17,30 Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn. 11Kat wa yo pran tou sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y'al fè wout yo. 12Yo #Jen 12.5; 13.12 pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l yo, paske se Sodòm Lòt te rete.
13Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. Tou de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram. 14#Jen 15.3; 17.12,13,27; Ekl 2.7 Abram vin konnen yo te fè neve l la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann. 15La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas. 16Li #Jen 14.11,12 reprann tout byen yo te pran yo, li mennen Lòt, neve li a, tounen lakay li ansanm ak tout byen l yo, tout medam yo ak tout pèp la.
Mèlkisedèk beni Abram
17Apre #2 Sam 18.18 Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou.
18Mèlkisedèk #Sòm 110.4; Mak 5.7; Tra 16.17; Eb 7.1,11 menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye. 19Li #Tra 17.24; Eb 7.6,7 beni Abram, li di:
— Se pou Bondye ki anwo nan syèl la,
li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram.
20Lwanj #Eb 7.4 pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou.
Apre sa, Abram ba li yon dizyèm (1/10) nan tou sa li te pran. 21Lèfini, wa Sodòm lan di Abram:
— Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman.
22Abram #Egz 6.8; Nonb 14.30; Eze 20.5,6; Da 12.7; Rev 10.5 reponn wa Sodòm lan, li di l:
— Mwen fè sèman devan Senyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, 23mwen #Estè 9.15 p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich. 24Mwen #Jen 14.13 pa bezwen anyen pou tèt pa m. Men, m'ap asepte sa moun mwen yo te manje, ansanm ak pòsyon ki pou moun ki te mache avè m yo. Wi, se pou Ane, Echkòl ak Manmre pran sa ki vin pou yo a.

Currently Selected:

Jenèz 14: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti