Logotip YouVersion
Search Icon

Jenèz 13

13
Separasyon Abram ak Lòt
1Abram #Jen 12.9 kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tou sa li genyen. Lòt, neve l la, te avèk li tou. 2Abram #Jen 24.35; Sòm 112.3; Pwo 10.22 te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò. 3Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi. 4Li #Jen 12.8 tounen kote li te moute yon lotèl premye fwa a. Li fè sèvis pou Bondye ankò.
5Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l tou. Li te gen moun tou avèk li. 6Peyi a #Jen 36.7 te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje. 7Se #Jen 12.6; 26.20 konsa, te vin gen yon kabouya ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a.
8Abram #Sòm 133.1; Tra 7.26; 1 Kor 6.7 di Lòt konsa:
— Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m yo. 9Men #Jen 20.15; 34.10; 47.6 tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat.
10Lòt #Jen 2.8; 19.17,24,25,28; Det 34.3; Sòm 107.34 voye je l toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. Tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Senyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Senyè a pat ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.) 11Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe. 12Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm. 13Moun #Jen 18.20; Eze 16.49; 2 Pyè 2.7,8 Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Senyè a. 14#Jen 28.14 Lòt fin ale, Senyè a di Abram konsa:
— Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, 15paske #Jen 12.7; 2 Kwo 20.7; Tra 7.5 mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan. 16Mapral #Jen 22.17; 28.14; 32.12; Nonb 23.10; Eb 11.12 ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, l'a rive konte pitit pitit ou yo tou. 17Bon. Kounyeya, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li.
18Se #Jen 35.27 konsa, Abram ranmase tout zafè l, li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Senyè a.

Currently Selected:

Jenèz 13: HAT98

Označeno

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion za prilagajanje tvoje izkušnje uporablja piškotke. Z uporabo našega spletnega mesta se strinjaš z našo uporabo piškotkov, kot je opisano v naši Politiki zasebnosti