Sòm Yo 137

137
1Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.
Nou te #Né 1:4kriye, lè nou te sonje Sion.
2Sou pye #Lev 23:40sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
3Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,
e #És 49:17bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:
“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
4Kijan pou nou ta chante #II Kwo 29:27chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
5Si mwen #És 65:11ta bliye ou, O Jérusalem, kite men
dwat mwen bliye kapasite li.
6Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,
Si m pa ta sonje ou, si m pa ta #Né 2:3leve Jérusalem wo,
pi wo ke pi gwo plezi m yo.
7Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,
ke yo te di: “Raze l nèt!
Raze l #Sòm 74:7 jis rive nan fondasyon li.”
8O fi a Babylone nan, Ou menm ki te #És 13:1-22devaste nou an,
A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm
rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
9A la beni sila ki sezi pitit ou yo,
e ki #II Wa 8:12kraze yo nan wòch la va beni!

Terpilih Sekarang Ini:

Sòm Yo 137: BSA

Highlight

Salin

Bandingkan

Kongsi

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk