Sòm Yo 136
136
1 #
I Kwo 16:34
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2Bay remèsiman a #Det 10:17 Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4A Sila #Det 6:22sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6a Sila ki te #Jen 1:2-9ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7a Sila ki te #Jen 1:14-18fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8 #
Jen 1:16
solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10A Sila ki te #Egz 12:29frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11ki te #Egz 12:51mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12Avèk yon men fò ak yon bra #Egz 6:1-6 lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13a Sila ki te #Egz 14:21divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15men #Egz 14:27Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16a Sila ki te #Egz 13:18mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17a Sila ki te #Sòm 135:10-12frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18ki te #Det 29:7touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19 #
Nonb 21:21-24
Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20ak #Nonb 21:33-35Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21e te #Jos 12:1bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22menm yon eritaj a Israël, #Sòm 105:6sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23ki te #Sòm 9:12sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24epi ki te #Jij 6:9delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25ki #Sòm 104:27bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26Bay remèsiman a #Sòm 104:27Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Terpilih Sekarang Ini:
Sòm Yo 136: BSA
Highlight
Salin
Bandingkan
Kongsi
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith