Pwovèb Yo 8

8
1Èske #Pwov 1:20-21sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
2Anlè #Pwov 9:3-14wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
3Akote #Job 29:7pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
# Pwov 1:22-32 Moun fou yo, vin konprann sajès!
6Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, #Pwov 23:16 y ap devwale bagay ki kòrèk.
7Paske #Sòm 37:30bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
8Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen #Det 32:5kwochi oswa pèvès ladann yo.
9Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki #Pwov 3:13 jwenn konesans lan.
10Pran #Pwov 3:14-15konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11Paske, sajès #Job 28:15-18pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn #Pwov 1:4konesans ak bon sans.
13 # Pwov 3:7 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
14 # Pwov 1:25 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15Akoz mwen, #II Kwo 1:10wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17Mwen renmen sila ki renmen m yo.
# Pwov 2:4-5 Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 # Pwov 3:16 Richès ak lonè avèk m;
richès k ap dire ak ladwati.
19Fwi mwen #Job 28:15pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab #Pwov 24:4ranpli kès yo.
22SENYÈ a te posede m #Job 28:26-28nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, #Jn 17:5 depi nan tan pi ansyen mond lan.
24Lè potko gen #Jen 1:2pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25 # Job 15:7 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
#Job 26:10 Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras #Job 38:6fondasyon tè a;
30Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè #Sòm 16:3kè kontan nan fis a lòm yo.
32“Alò, pou sa, fis yo, #Pwov 5:7koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 # Pwov 4:1 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 # Pwov 3:13-18 Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, #Pwov 21:6 renmen lanmò.”

Terpilih Sekarang Ini:

Pwovèb Yo 8: BSA

Highlight

Salin

Bandingkan

Kongsi

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk