Pwovèb Yo 7

7
1Fis mwen an, #Pwov 2:1kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
2Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
# Det 32:10 kon de grenn zye nan tèt ou.
3Mare yo sou dwèt ou;
# Pwov 3:3 ekri yo sou tablo a kè ou.
4Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
5Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
6Paske bo fenèt lakay mwen,
mwen te gade #Pwov 6:32 nan fant fenèt mwen an.
7Konsa, mwen te wè pami moun #Pwov 1:22sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
8ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive #Pwov 7:27lakay li,
9nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10Epi gade, yon fanm vin pwoche li
# Jen 38:14-15 abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
# I Tim 5:13 Pye li pa rete lakay li.
12Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
lap #Pwov 23:28kache tan nan tout kwen.
13Konsa, li sezi li, bo li;
e ak #Pwov 21:29figi byen ranje, li di li:
14“Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen #Lev 7:16 fin peye ve mwen yo.
15Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl #És 19:9dra Égypte yo.
17Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak #Egz 30:23 kanèl.
18Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk #Pwov 5:3lèv a flatè, li sedwi li.
22Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
kab mache rive nan ne koulan an.
23Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon #Ekl 9:12zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
24Alò, pou sa, fis yo, #Pwov 5:7koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25Pa kite kè ou #Pwov 5:8vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e #Pwov 9:18anpil se sila ki te mouri akoz li.
27 # Pwov 2:18 Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.

Terpilih Sekarang Ini:

Pwovèb Yo 7: BSA

Highlight

Salin

Bandingkan

Kongsi

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk