Pwovèb Yo 23
23
1Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,
konsidere byen sa ki devan ou.
2Konsa, mete yon kouto sou gòj ou
si ou se yon #Pwov 23:20nonm ak gwo lanvi.
3Pa dezire bon manje sa yo,
paske se yon repa desepsyon.
4Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
#
Pwov 3:5-7 sispann reflechi sou sa.
5Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, #Pwov 27:24li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
6Pa manje pen a yon #Det 15:9mesye ki chich,
ni anvi bèl bagay li;
7paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.
Li di ou: “Manje e bwè!” Men #Pwov 26:24-25kè li pa avè w.
8Ou va #Pwov 25:16vomi mòso ke ou te manje a
e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
9 #
Mat 7:6
Pa pale nan zòrèy a moun sòt,
paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
10Pa deplase ansyen bòn nan,
ni #Jr 22:3antre nan chan òfelen yo,
11Paske #Job 19:25Redanmtè yo a pwisan.
Li va plede ka yo kont ou.
12Aplike kè ou a disiplin
ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13 #
Pwov 13:24
Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14Ou va frape li ak baton
pou #I Kor 5:5delivre nanm li de sejou mò yo.
15Fis mwen an, si kè ou #Pwov 23:24saj,
pwòp kè m va kontan tou.
16Wi, jis anndan m va rejwi
lè lèv ou pale #Pwov 8:6sa ki dwat.
17 #
Sòm 37:1
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18Anverite, gen davni,
e #Sòm 9:18espwa ou p ap anile.
19Koute, fis mwen an, vin saj
pou #Pwov 4:23 dirije kè ou nan chemen an.
20Pa bwè twòp diven,
ni fè #Det 21:20 voras nan manje vyann;
21paske sila ki #Pwov 21:17bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22 #
Pwov 1:8
Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 #
Pwov 4:7
Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e #Pwov 10:1sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25Kite #Pwov 27:11papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26Ban m kè ou, fis mwen an;
kite zye ou #Sòm 1:2 fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,
e yon #Pwov 5:20 fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28Anverite, li #Pwov 6:26kache veye tankou vòlè,
pou l ogmante enfidelite pami lòm.
29Se kilès ki gen #És 5:11-22gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès kap plenyèn?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30Sila ki #I Sam 25:36mize sou diven nan,
sila ki ale goute diven mele an.
31Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l #Kan 7:9desann byen dous.
32Nan dènye moman an, li #Job 20:16mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va #Pwov 2:12twouble anpil.
34Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap #Pwov 26:11chache pou m kab bwè ankò.”
Terpilih Sekarang Ini:
Pwovèb Yo 23: BSA
Highlight
Salin
Bandingkan
Kongsi
Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk
Copyright © 2017-2023 Ron Smith