Pwovèb Yo 22

22
1Yon #Pwov 10:7bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki #Job 31:15 fè yo tout.
3Sila ki #Pwov 14:16reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5 # Pwov 15:19 Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
6 # Ef 6:4 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
7 # Pwov 18:23 Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8Sila ki #Job 4:8simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
9Sila ki #Pwov 19:17bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10 # Jen 21:9-10 Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11Sila ki renmen #Sòm 24:4kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13 # Pwov 26:13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14Bouch a #Pwov 21:16fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
17 # Pwov 5:1 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18Paske sa va #Pwov 2:10byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19Pou #Pwov 3:5konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20Èske mwen pa t ekri ou trant #Pwov 8:6bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21Pou fè ou #Luc 1:3-4konnen vrè pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
22Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni #Za 7:10 kraze aflije nan pòtay la;
23paske, SENYÈ a va #I Sam 25:39plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
24Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon #Pwov 29:22moun kolerik,
25sinon, ou va #I Kor 15:33aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26Pa konte pami sila ki #Pwov 17:18sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l #Egz 22:26rale kabann nan sòti anba ou?
28 # Det 19:14 Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va #Jen 41:46kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.

Terpilih Sekarang Ini:

Pwovèb Yo 22: BSA

Highlight

Salin

Bandingkan

Kongsi

None

Ingin menyimpan sorotan merentas semua peranti anda? Mendaftar atau log masuk