Yon grenn Mo ki Pral Chanje Lavi OuEgzanp

One Word That Will Change Your Life

JOU 1 SOU 4

Pouvwa Yon Grenn Mo

Etabli

Rezolisyon Nouvèl Ane yo pap mache!

50% nan moun kap pran rezolisyon yo echwe nan fen mwa Janvye epi 9 sou 10 moun abandone nan fen mwa Mas! Alòs, olye pouw gen plizyè rezolisyon, jwenn Yon sèl grenn Mo pou ane sa... men fè anpil atansyon! Sa kapab jis chanje ou.

Siw gen yon mantalite "fè-saw gen pou fè" jan nap fè a, ou te jis fè pati moun kap fikse objektif yo nan kòmansman chak Nouvèl Ane. Sepandan, Pandan tan ap pase, nou te vin santi fristrasyon paske anbisye nou pou plan nou yo te bese. Nou te eseye fè twòp bagay epi kòm rezilta, nou pat rive fè anyen ki bon.

Nan lane 1999, nou te kòmanse devlope yon senp disiplin ak yon tèm Yon grenn Mo pou ane kap vini an. Se vre—Yon grenn Mo. Se pat yon fraz oswa yon deklarasyon, jis yon sèl mo. Lè nap konsantre sou yon sèl grenn mo nou te vin fè eksperyans chanjman enkwayab nan lavi nou ane apre ane. Lèw dekouvri Grenn Mo paw la pou ane a, sa baw plis klate, pasyon ak objektif pou laviw.

Egzèsis yon Grenn Mo a pote senplisite ak konsantrasyon. Li koupe tout distraksyon epi fè nou rete konsantre sou sa ki vrèman enpòtan. Li te detire nou nan tout domèn: espirityèlman, fizikman, mantalman, emosyonèlman, relasyon ak nan nivo finansye. Bondye transfòme nou atravè egzèsis sa; Bondye pran plezi nan lavi kap chanje.

Gen yon rezon ki fè nou di, "Jwenn yon mo pou ane sa... men fè anpil atansyon." Pi vit ou dekouvri mo paw la, batay la ap kòmanse. Li pral kòmanse yon pwosesis ansèyman, devlopman, rafinri, ak bay fòm. Bondye pral sèvi ak mo paw la kòm yon limyè epi yon miwa - kap klere chimen ou epi revele bagay sa yo ki bezwen chanje. Li fasilite yon gwo vwayaj kap wo ak ba ladanl tout bagay sa yo ap fèt pou fèw tounen moun sa ou te kreye pouw ye a.

Se te eksperyans pa nou ke Bondye revele byen rapid plan li pou ane sa parapò ak sèl grenn Mo paw la. Mo sa (se yon disiplin, fwi Lespri a, karakteristik karaktè, oswa atribi Bondye) ap pote baw pou ane a! Alòs, dekouvri Grenn Mo paw la pou ane sa epi pataje li ak lòt moun! Sa ta kapab jis chanje lavi ou!

Ale
1. Kisa Bondye tap diw pandan ane ki sot pase a?
2. Ki domèn Bondye vle retire nan laviw epi itilizel pou glwa Li?
3. Kouman Bondye vle pozisyonew pou ane kap vini an?

Entrènman
Sòm 27:1-14; Lik 18:22; Mak 10:21

Orè siplemantè
"Senyè, mwen mande pouw fè ane sa vin yon ane kap chanje-lavi. Revele tèt ou pou mwen pandan wap montrem ki tèm Yon grenn Mo pam lan pral ye. Ranplim avèk Sentespriw. Mwen reyalize ke se yon vwayaj aprantisaj se pa yon travay poum akonpli anyen. Ranfòsem pandan map viv sèl Grenn Mo pam lan chak jou. Nan non Jezi, amèn."

Ou vle jwenn Plan Poze Aksyon Yon grenn Mo a? Telechaje li gratis nan GetOneWord.com

Konsènan Plan sa a

One Word That Will Change Your Life

YON PAWÒL kap edew senplifye laviw lèw konsantre sou YON SÈL MO pou tout ane a. Senplisite nan dekouvri yon mo ke Bondye genyen pou ou fè li vin yon katalizè pouw chanje-lavi. Dezòd ak konpleksite mennen nan parès ak pa fè anyen, pandan senplisite ak konsantrasyon mennen nan siksè avèk klate. 4-jou Devosyon sa montre ou kouman pouw pase atravè nwayo entansyonw pou vizyon yon sèl grenn mo pou ane sa.

More

Nou ta renmen remèsye Jon Gordon, Dan Britton, ak Jimmy Page pou plan sa yo bay. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: www.getoneword.com

Plan ki liye yo