Yon grenn Mo ki Pral Chanje Lavi OuEgzanp

One Word That Will Change Your Life

JOU 2 SOU 4

Yon Sèl Grenn Mo

Etabli
Sa difisil anpil pouw senplifye lavi. Redwi konsantrasyon parèt enposib. Pandan ane ki sot pase a, gendwa gen moun kite mandew plizyè santèn fwa, "Kouman sa ye?" Repons paw la ta kapab petèt sonnen konsa, "Mwen te okipe anpil!" Ou pat janm konn tande ankenn moun di, "Mwen te gen anpil tan lib epi kounya map chache yon bagay nouvo poum fè." Moun sa a pa egziste.

Ou gen anpil responsablite, epi orè ou yo se tèt chaje. Ou santi se tankouw pral gen bagay nan lavi. Se poutèt sa tèt nou dwe klè poun klarifye ak senplifye lavi. Nou te gentan pataje avèk anpil moun devlopman disiplin senp sa kise yon sèl mo kòm yon tèm pou ane kap vini an. Nou deside sispann bay lis rezolisyon yo epi kòmanse viv yon grenn Mo. Menmsi Bib lan pa gen fraz "Tèm yon Grenn Mo a", sa enteresan pou nou gade byen fraz "yon grenn bagay" parèt 5 fwa nan Bib la: yon fwa nan Filipyen epi 4 fwa nan Levanjil yo.

Nan Filipyen 3:13-14, Pòl sèvi ak fraz "yon sèl bagay" la poul pote fokis ak klate sou apèl li a. Nan Lik 10:42, Jezi di Mat, "se yon sèl bagay ki nesesè." Nan ni Lik 18:22 ak Mak 10:21 vèsè sa yo gen ladanl pawòl li bay nonm rich la epi eksprime yon mank pou "yon sèl bagay." Jan 9:25 gen ladan tou fraz sa pandan avèg la tap di farizyen yo, "Grenn bagay mwen konnen. Mwen te avèg men kounye a mwen wè!" Menm jan vèsè yo sèvi ak mo sa yo, nou kapab sèvi ak yo tou lè nap mande Bondye pou li revele tèm Grenn Mo pa nou pou ane sa.

Lè nou te fenk kòmanse ak premye pwosesis sa, mwatye plezi a se te chwazi mo pou ane a, men nou te vin aprann ke li pa nesesè pou se nou menm ki chwazi mo a, men se pito Bondye ki revele mo a ban nou. Anreyalite, Bondye kapab lage yon mo espesifik ki apa nan nanm ou. Nan premye yo, nap dakò ke se nou kite jis chwazi yon mo epi se te yon tikras moun kite resevwa mo a nan men Bondye. Malgre sa, Bondye toujou sèvi ak mo sa! Men, piske nou te vin gen plis eksperyans nan pwosesis la, nou te aprann poun koute epi chache pou se Bondye kap dirije nan chwazi mo sa. Lèw koute vwa Bondye, wap vin dekouvri grenn mo pa Bondye a, se pap jis yon bon mo.

Jwi pwosesis la epitou sonje: Yon sèl grenn mo. Se pa yon fraz. Se pa 2 mo. Konsantrasyon tèt dwat pou chanjman lavi sa. Yon sèl Greem Mo!

Ale
1. Poukisa li difisil anpil pouw senplifye lavi? Poukisa lavi sa konplike konsa?
2. Poukisa ou panse nap eseye enpresyone moun pi plis olye ke mwens?
3. Kisa Bondye ap diw kounye a konsènan tèm Yon grenn Mo paw la pou ane sa? Mete yon tan apa pouw priye epi mande Bondye pou li pale avèk ou.

Entrènman

Ebre 12:1-2, Jan 9:25, Fil 3:13-14

Orè siplemantè
"Papa nou ki nan Syèl la, map mande yon Grenn Mo. Mwen vle Yon Mo nan men ou. Tanpri, revele tèt ou ban mwen. Mwen pare poum resevwa definisyon mo pou mwen. Nan non Jezi, amèn."

Konsènan Plan sa a

One Word That Will Change Your Life

YON PAWÒL kap edew senplifye laviw lèw konsantre sou YON SÈL MO pou tout ane a. Senplisite nan dekouvri yon mo ke Bondye genyen pou ou fè li vin yon katalizè pouw chanje-lavi. Dezòd ak konpleksite mennen nan parès ak pa fè anyen, pandan senplisite ak konsantrasyon mennen nan siksè avèk klate. 4-jou Devosyon sa montre ou kouman pouw pase atravè nwayo entansyonw pou vizyon yon sèl grenn mo pou ane sa.

More

Nou ta renmen remèsye Jon Gordon, Dan Britton, ak Jimmy Page pou plan sa yo bay. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: www.getoneword.com

Plan ki liye yo