Yon grenn Mo ki Pral Chanje Lavi OuEgzanp

Viv Mo Paw la
Etabli
Lèw fin jwenn Grenn Mo paw la, li kapab vini sou fòm karakteristik yon karaktè, yon disiplin, yon moun, yon fokis espirityèl, yon atribisyon oswa yon valè. Egzanp posiblite mo sa yo pa vle di se sèl grenn lis patikilye ou dwe chwazi, men pito se yon pwen pouw kòmanse: renmen, kè kontan, pasyans, jantiyès, repo, lapriyè, sante, antrenman, fleksib, devosyon, entimite, disiplin, angajman, otantik, pozitivite, vèt, enspire, fini, san tach, entegrite ak fòs.
Lè wap viv grenn mo paw la sa pral edew rete fokis epi anpechew distrè. Nou wè enpak lè Neyemi te rete fokis pandan li tap bati miray la. Nan Neyemi 6:3, li pat retire nan travay li, paske li tap fè yon grenn bagay li te pran angajman pou li fè a–bati miray la! Epi li tap fè yon gwo travay. Sonje, lè wap viv mo paw la, wap fè yon gwo travay.
Kite zòn konfò paw la.
Pwosesis la grizant, men li pral pwouve tou ke li gen anpil difikilte. Ou pral fè fas ak obstak ou pat panse. Ou pral detire-nou pwomèt ou sa. Men, souvan nou aprann plis bagay lè nou soti nan zòn konfò nou an, alòs rete nan kous la.
Sa enpòtan anpil pouw sonje epi konsantre sou grenn mo paw la pandan tout ane a. Si mo paw la pa pwemye bagay ki nan tèt ou, ou pral bliye li.
Kenbe Grenn Mo paw la devan epi nan mitan.
Atravè ane esè ak erè, nou te vin dekouvri chimen ki senp epi ki pisan pouw kenbe Grenn Mo paw la devan ak nan mitan pandan tout ane a.
Premye bagay, poste mo paw la nan andwa ki enpòtan pouw wè li chak jou. Tout sa ki pran atansyon ou ap pran fokis ou tou; tout sa ki pran fokis ou ap rive akonpli. Kreye yon rapèl enpòtan. Ekri bagay sa epi poste li nan andwa ki enpòtan yo, tankou kazye lekòl ou a, nan machin ou, sou biwo oswa nan amwa ou.
Dezyèm bagay la, pataje mo paw la ak Ekip paw la kap Detire—sèk enteryè zanmi sa, kòlèg ak fanmi ki pi enpòtan pou ou epi kise moun ou fè konfyans san ezitasyon. Nap rele li Ekip Detire paw la, paske li gen ladann moun ki detirew epi kap edew grandi. Bay moun sa yo pèmisyon pou yo pozew kesyon sou mo paw la.
Lèw fè 2 bagay senp sa yo—afiche mo paw la epi pataje li ak lòt moun—ou asire kwasans ou. Ou pral fè eksperyans wo ak ba, men tout bagay sa yo fè pati pwosesis la. Pandan wap viv mo paw la, kite Bondye sèvi ak senplisite tèm Yon Grenn Mo paw la pou li revolisyone laviw chak jou.
Ale
1. Ki grenn bagay ou kapab fè pouw sonje Grenn Mo paw la?
2. Lis 3 moun nan sèk enteryè a ak ki moun ou pral pataje mo paw la.
3. Kijan ou kapab viv Grenn Mo a antanke yon fanmi, biznis, ekip?
Entrènman
Neyemi 6, Travay 4:16-20, Kolosyen 3:17, 23
Orè siplemantè
"Senyè, mwen priye pouw ede mwen viv mo pa mwen an okonplè ane sa. Menm jan ak Neyemi, rete konsantre sou viv mo pa li an epi anpeche distraksyon yo. Epi si bagay sa yo ta vini, ban mwen kouraj poum rete fokis sou saw te relem poum fè a. Nan non Jezi, amèn."
Ou vle fè pwòp afich yon Grenn Mo paw la? Vizite: GetOneWord.com
Konsènan Plan sa a

YON PAWÒL kap edew senplifye laviw lèw konsantre sou YON SÈL MO pou tout ane a. Senplisite nan dekouvri yon mo ke Bondye genyen pou ou fè li vin yon katalizè pouw chanje-lavi. Dezòd ak konpleksite mennen nan parès ak pa fè anyen, pandan senplisite ak konsantrasyon mennen nan siksè avèk klate. 4-jou Devosyon sa montre ou kouman pouw pase atravè nwayo entansyonw pou vizyon yon sèl grenn mo pou ane sa.
More