Matye 22:23-46

Matye 22:23-46 1998 Haïtienne (HAT98)

Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a: — Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò, eske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan. Tout moun ki t'ap koute l yo te sezi tande sa l t'ap di yo. Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen. Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li: — Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a? Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre. Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a: — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David! Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.

Matye 22:23-46 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le même jour, des Sadducéens s’approchent de Jésus. Les Sadducéens pensent que les morts ne se relèveront pas. Ils interrogent Jésus en lui disant : « Maître, Moïse a dit : “Si un homme meurt sans avoir d’enfants, son frère doit se marier avec la veuve. Ainsi, il donnera des enfants au frère qui est mort.” Eh bien, supposons ceci : chez nous, il y a sept frères. Le premier se marie et il meurt sans avoir d’enfants. Il laisse donc sa femme au deuxième frère. Il arrive la même chose au deuxième frère, puis au troisième et enfin à tous les sept. Après eux tous, la femme meurt aussi. Quand les morts se relèveront, parmi les sept frères, qui sera le mari de cette femme ? En effet, chacun a été son mari. » Jésus leur répond : « Vous vous trompez, parce que vous ne connaissez ni les Livres Saints, ni la puissance de Dieu. Quand les morts se relèveront, les hommes et les femmes ne se marieront pas. Mais ils vivront comme les anges auprès de Dieu. Au sujet des morts qui se relèvent, vous avez sûrement lu cette parole de Dieu : “Je suis le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac et le Dieu de Jacob .” Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais il est le Dieu des vivants. » Les foules entendent cela. Cet enseignement de Jésus les étonne beaucoup. Les Pharisiens apprennent que Jésus a fermé la bouche aux Sadducéens. Alors les Pharisiens se réunissent. L’un d’eux, un maître de la loi, veut tendre un piège à Jésus et il lui demande : « Maître, dans la loi, quel est le commandement le plus important ? » Jésus lui répond : « “Tu dois aimer le Seigneur ton Dieu de tout ton cœur, de tout ton être et de toute ton intelligence.” C’est le plus important et le premier des commandements. Et voici le deuxième commandement, qui est aussi important que le premier : “Tu dois aimer ton prochain comme toi-même.” Toute la loi de Moïse et tout l’enseignement des prophètes dépendent de ces deux commandements. » Les Pharisiens sont réunis, et Jésus leur demande : « Qu’est-ce que vous pensez du Messie ? Il est le fils de qui ? » Ils lui répondent : « Il est le fils de David. » Jésus leur dit : « David, rempli de l’Esprit Saint, l’a appelé “Maître”. Pourquoi donc ? En effet, David a dit : “Le Seigneur déclare à mon Maître : Viens t’asseoir à ma droite, je vais mettre tes ennemis sous tes pieds.” « David appelle le Messie “Maître”. Alors, comment est-ce que le Messie peut être aussi fils de David ? » Parmi les Pharisiens, aucun ne peut répondre un seul mot à Jésus. Et, à partir de ce jour-là, personne n’ose plus lui poser de questions.

Matye 22:23-46 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a. Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. Fi a vin mouri an dènye. Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?” Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.” Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye. Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?” Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou. Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt pa w. Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.” Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?” Yo reponn li: “Li se pitit David.” Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di: Bondye di Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jiskaske m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w! Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?” Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.

Matye 22:23-46 New International Version (NIV)

That same day the Sadducees, who say there is no resurrection, came to him with a question. “Teacher,” they said, “Moses told us that if a man dies without having children, his brother must marry the widow and raise up offspring for him. Now there were seven brothers among us. The first one married and died, and since he had no children, he left his wife to his brother. The same thing happened to the second and third brother, right on down to the seventh. Finally, the woman died. Now then, at the resurrection, whose wife will she be of the seven, since all of them were married to her?” Jesus replied, “You are in error because you do not know the Scriptures or the power of God. At the resurrection people will neither marry nor be given in marriage; they will be like the angels in heaven. But about the resurrection of the dead—have you not read what God said to you, ‘I am the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob’? He is not the God of the dead but of the living.” When the crowds heard this, they were astonished at his teaching. Hearing that Jesus had silenced the Sadducees, the Pharisees got together. One of them, an expert in the law, tested him with this question: “Teacher, which is the greatest commandment in the Law?” Jesus replied: “ ‘Love the Lord your God with all your heart and with all your soul and with all your mind.’ This is the first and greatest commandment. And the second is like it: ‘Love your neighbor as yourself.’ All the Law and the Prophets hang on these two commandments.” While the Pharisees were gathered together, Jesus asked them, “What do you think about the Messiah? Whose son is he?” “The son of David,” they replied. He said to them, “How is it then that David, speaking by the Spirit, calls him ‘Lord’? For he says, “ ‘The Lord said to my Lord: “Sit at my right hand until I put your enemies under your feet.” ’ If then David calls him ‘Lord,’ how can he be his son?” No one could say a word in reply, and from that day on no one dared to ask him any more questions.

Matye 22:23-46 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ce même jour, des sadducéens vinrent le trouver. Ils prétendent que les morts ne ressuscitent pas. Ils lui posèrent la question suivante : Maître, Moïse a donné cet ordre : Si quelqu’un meurt sans avoir d’enfant, son frère devra épouser sa veuve, pour donner une descendance au défunt . Or, il y avait parmi nous sept frères. L’aîné s’est marié, et il est mort sans avoir de descendant. Il a donc laissé sa veuve à son frère. Il est arrivé la même chose au deuxième frère, puis au troisième, et ainsi de suite jusqu’au septième. En fin de compte, la femme est décédée elle aussi. A la résurrection, duquel des sept frères sera-t-elle la femme ? Car ils l’ont tous eue pour épouse. Jésus leur répondit : Vous êtes dans l’erreur, parce que vous ne connaissez pas les Ecritures, ni quelle est la puissance de Dieu. En effet, une fois ressuscités, les hommes et les femmes ne se marieront plus ; ils vivront comme les anges qui sont dans le ciel. Quant à la résurrection des morts, n’avez-vous donc jamais lu ce que Dieu vous a déclaré : Je suis le Dieu d’ Abraham , le Dieu d’ Isaac , le Dieu de Jacob ? Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais le Dieu des vivants. Les foules qui entendaient ses réponses étaient profondément impressionnées par son enseignement. En apprenant que Jésus avait réduit au silence les sadducéens, les pharisiens se réunirent. L’un d’entre eux, un enseignant de la Loi, voulut lui tendre un piège. Il lui demanda : Maître, quel est, dans la Loi, le commandement le plus grand ? Jésus lui répondit : Tu aimeras le Seigneur, ton Dieu, de tout ton cœur, de toute ton âme et de toute ta pensée . C’est là le commandement le plus grand et le plus important. Et il y en a un second qui lui est semblable : Tu aimeras ton prochain comme toi-même . Tout ce qu’enseignent la Loi et les prophètes est contenu dans ces deux commandements. Comme les pharisiens se trouvaient rassemblés là, Jésus les interrogea à son tour : Quelle est votre opinion au sujet du Messie  ? D’après vous, de qui descend-il ? – De David, lui répondirent-ils. – Alors, comment se fait-il que David, parlant sous l’inspiration de l’Esprit de Dieu, l’appelle Seigneur ? En effet, il déclare : Le Seigneur a dit à mon Seigneur : Viens siéger à ma droite jusqu’à ce que j’aie mis ╵ tes ennemis ╵ à terre sous tes pieds . Si donc David l’appelle son Seigneur , comment est-il possible que le Messie soit son descendant ? Nul ne fut capable de lui donner un mot de réponse et, à partir de ce jour-là, personne n’osa plus lui poser de question.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an