Matye 22:23-46

Matye 22:23-46 HAT98

Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a: — Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò, eske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan. Tout moun ki t'ap koute l yo te sezi tande sa l t'ap di yo. Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen. Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li: — Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a? Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre. Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a: — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David! Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an